Blogs / Komanse Lavi Ou Ozetazini — Nouvo liv an kreyòl pou moun ki fèk rive

Komanse Lavi Ou Ozetazini — Nouvo liv an kreyòl pou moun ki fèk rive

Lesly Michel / October 4, 2026

Blog Image

Ou fèk rive Ozetazini ? Liv sa a se pou ou.

Tout moun gen yon konsèy pou ba ou, men anpil fwa enfòmasyon an pa kòrèk. Rezilta a : moun pèdi tan, pèdi lajan, epi pafwa tonbe nan men eskwo.
Komanse Lavi Ou Ozetazini, ekri pa Lesly Michel, rasanble an kreyòl tout sa w bezwen konnen pou w kòmanse sou bon pye.

Sa ki nan liv la — 12 chapit

  1. Premye jou yo : dokiman, adrès, telefòn
  2. Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ak pyès idantite
  3. Jwenn kote pou rete epi evite eskrokri lwaye
  4. Bank ak kredi
  5. Travay ak dwa travayè
  6. Sante, asirans, sant sante kominotè
  7. Edikasyon : lekòl timoun yo, kou angle pou granmoun
  8. Transpò : lisans kondui, machin, asirans
  9. Taks : ITIN, deklarasyon, sant èd gratis
  10. Estati imigrasyon : evite fo notè, jwenn èd legal
  11. Resous ak rezo kominotè
  12. Plan aksyon 90 jou, etap pa etap
Bonis : leksik kreyòl–angle ak mo administratif yo, ak yon lis lyen ofisyèl (.gov) ranje pa chapit.
📘 200 paj · 90 ilistrasyon an koulè · Checklist nan chak chapit · PDF + EPUB

Pri : 14,99 $

Apre w fin peye, ou resevwa liv la touswit pa imèl (PDF pou telefòn, tablèt, òdinatè oswa enprime, ak EPUB pou liseuse).
Liv sa a se enfòmasyon jeneral. Li pa ranplase konsèy yon avoka oswa yon pwofesyonèl.
Pa rete poukont ou. Kòmanse jodi a.